Jere COVID-19: Pwodwi jaden ak izin anbalaj yo

The virus that causes COVID-19

Pandan ke pa gen prèv ki asosye viris COVID-19 la a yon pwoblèm sekirite alimantè, li se yon pwoblèm sante pou travayè yo paske li pwopaje l pa kontak moun ak moun oswa lè w manyen yon sifas ki kontamine. Manje pa parèt tankou yon kòz ki favorize transmisyon COVID-19 la, men menm pratik yo itilize pou evite maladi ou ka pran nan manje, menm pratik sa yo ta dwe itilize pou diminye chans kontaminasyon COVID-19 la nan nan pwodwi alimentè ki fre yo epi risk pou COVID-19 ta simaye l pami travayè agrikòl yo ak sa kap travay nan izin anbalaj yo.
This new 2-page publication of the UF/IFAS Food Science and Human Nutrition Department is the Haitian Creole translation of FSHN20-25, Handling COVID-19: Produce Farms and Packinghouses. Written by Laurel Dunn (UGA) and translated by Emmanuel Duvalsaint.
https://edis.ifas.ufl.edu/fs385

Etalaj fwi, legim ak lòt pwodwi agrikòl nan peryòd COVID-19: kisa machann yo ka fè pou pwoteje tèt yo ok kliyan yo

The virus that causes COVID-19

Agrikiltè ak kliyan yo pa dwe ale kote yo etale fwi, legim ak lòt pwodwi agrikòl pou vann si yo gen sentòm COVID-19 la, oswa si yo ta antre an kontak ak yon moun ki malad. Nenpòt moun ki ta gen sentòm yo ap kite espas sa a.
This new 2-page publication of the UF/IFAS Food Science and Human Nutrition Department is the Haitian Creole translation of FSHN20-28, COVID-19 and Farm Stands: Steps for Farm Stand Operators. Written by Natalie Seymour, Mary Yavelak, Candice Christian, and Ben Chapman (all of NCSU) and translated by Emmanuel Duvalsaint.
https://edis.ifas.ufl.edu/fs384

Sekirite alimante ak COVID-19 : Kesyon yo poze souvan : Eske kowona viris se yon pwoblem nan pwodiksyon fwi ak legim

The virus that causes COVID-19

Nan moman sa a, CDC, FDA ak USDA pa rapòte okenn ka maladi ki ta sigjere kowona viris la ka transmèt sòti nan manje oswa nan anbalaj pwodwi alimantè. Rechèch ki fèt sou viris ki menm jan an tankou SARS ak grip montre risk transmisyon viris la pou l ta sòti nan yon manje fèb anpil. Pandan ke pa gen anpil enfòmasyon sou ki kantite tan viris la ka fè sou yon sifas, risk pou transmisyon an ta sòti nan yon manje fèb epi li pa ta dwe enkyete nou.
This new 2-page publication of the UF/IFAS Food Science and Human Nutrition Department is the Haitian Creole translation of FSHN20-23, COVID-19 and Food Safety FAQ: Is Coronavirus an Issue in Produce Production?. Written by Natalie Seymour, Mary Yavelak, Candice Christian, and Ben Chapman (all of NCSU) and translated by Emmanuel Duvalsaint.
https://edis.ifas.ufl.edu/fs383

Jere COVID-19 : Pi bon Pratik pou Agribiznis

The virus that causes COVID-19

COVID-19 simaye l sitou pa kontak dirèk moun ak moun, oswa si pandan yon moun ap touse oubyen pale postiyon krache a ki deja gen viris la kontamine yon sifas epi yon moun ki ansante manyen kote sa a. Pandan ke pifò magazen manje ak ekipman kontinye fonksyone pandan maladi a ap simaye ak lòt ijans, kèk mezi prevantif ka pran pou pwoteje sante anplwaye yo ak kliyan yo.
This new 2-page publication of the UF/IFAS Food Science and Human Nutrition Department is the Haitian Creole translation of FSHN20-27, Handling COVID-19: Best Practices for Agribusiness. Written by Tom Maddox and Laurel Dunn (both of the University of Georgia) and translated by Emmanuel Duvalsaint.
https://edis.ifas.ufl.edu/fs381

Pi bon fason pou granmoun (kap pran swen lot moun) lave men yo

Elderly person receiving assistance from a caregiver with everyday tasks. UF/IFAS Photo by Marisol Amador.

Lave men enpòtan pou redwi transfè jèm mikwòb ki soti nan matyè fekal oswa poupou pou ale nan bouch, ki ka lakoz maladi. Timoun piti ak granmoun aje yo gen mwens kapasite pou yo konbat jèm mikwòb pase lòt kategori moun. Kòm moun kap pran swen moun ou ka ede diminye risk maladi ki ka pwopaje nan anviwònman ki gen anpil moun lè w swiv bon jan metòd pou lave men w. This is the Haitian Creole version of FCS8782, Proper Hand Washing for Caregivers. Written by Amy Simonne, translated and reviewed by Emmanuel Jean Claude Duvalsaint and Nicole Monval, and published by the UF/IFAS Department of Family, Youth and Community Sciences, March 2020.
https://edis.ifas.ufl.edu/fy1490

Pi bon fason pou timoun piti (ki gen laj pou ale lekol) lave men yo

Active preschool children playing on a playground. Photo taken on 12-01-16.

Jèm yo ka kache anba zong ki long ak nan men ki sal. Kenbe zong ou kout epi lave men w souvan, se aksyon ki pi enpòtan ou ka poze pou anpeche jèm mikwòb fè w tonbe malad. Jèm ki bay maladi tankou larim, grip, dyare, ak vomisman ka vinn nan men w lè w manyen objè ki nan alantou w. Moun, animal domestik, manje kri, jwèt, tè, ak tout objè nou itilize plizyè fwa pa jou, yo tout ka gen jèm mikwòb sou yo. Lè w lave men w byen li ede retire jèm mikwòb nan men w. This is the Haitian Creole version of FCS8783, Proper Hand Washing for School Children. Written by Amy Simonne, translated and reviewed by Emmanuel Jean Claude Duvalsaint and Nicole Monval, and published by the UF/IFAS Department of Family, Youth and Community Sciences, March 2020.
https://edis.ifas.ufl.edu/fy1491

Estasyon Meteyo nan Jaden: Gid pou Enstalasyon ak Antretyen

Palm trees being blown by the winds of an approaching storm. Severe weather, rain, beach, coast. UF/IFAS Photo by Tyler Jones.

Kondisyon meteyo yo ka jwe yon gwo wòl nan siksè oswa echèk aktivite agrikòl yo. Kiltivatè yo rekonèt sa e se sak fè yo toujou swiv bilten ak previzyon meteyo pou ka ede yo pran desizyon nan sa ki gen pou wè ak irigasyon, pwoteksyon kont fredi ansanm ak anpil lòt desizyon. This new 4-page publication is the Haitian Creole version of EDIS document AE532, Guidelines for Establishing and Maintaining Farm-Based Weather Stations in Haiti. Written by Caroline G. Staub, William Eisenstadt, William Blanc, Nicole Monval, Clyde W. Fraisse, William Lusher, George Braun, and Lee Staudt, and published by the UF/IFAS Department of Agricultural and Biological Engineering, May 2019.
http://edis.ifas.ufl.edu/ae531