Pi bon fason pou granmoun (kap pran swen lot moun) lave men yo

Elderly person receiving assistance from a caregiver with everyday tasks. UF/IFAS Photo by Marisol Amador.

Lave men enpòtan pou redwi transfè jèm mikwòb ki soti nan matyè fekal oswa poupou pou ale nan bouch, ki ka lakoz maladi. Timoun piti ak granmoun aje yo gen mwens kapasite pou yo konbat jèm mikwòb pase lòt kategori moun. Kòm moun kap pran swen moun ou ka ede diminye risk maladi ki ka pwopaje nan anviwònman ki gen anpil moun lè w swiv bon jan metòd pou lave men w. This is the Haitian Creole version of FCS8782, Proper Hand Washing for Caregivers. Written by Amy Simonne, translated and reviewed by Emmanuel Jean Claude Duvalsaint and Nicole Monval, and published by the UF/IFAS Department of Family, Youth and Community Sciences, March 2020.
https://edis.ifas.ufl.edu/fy1490

Pi bon fason pou timoun piti (ki gen laj pou ale lekol) lave men yo

Active preschool children playing on a playground. Photo taken on 12-01-16.

Jèm yo ka kache anba zong ki long ak nan men ki sal. Kenbe zong ou kout epi lave men w souvan, se aksyon ki pi enpòtan ou ka poze pou anpeche jèm mikwòb fè w tonbe malad. Jèm ki bay maladi tankou larim, grip, dyare, ak vomisman ka vinn nan men w lè w manyen objè ki nan alantou w. Moun, animal domestik, manje kri, jwèt, tè, ak tout objè nou itilize plizyè fwa pa jou, yo tout ka gen jèm mikwòb sou yo. Lè w lave men w byen li ede retire jèm mikwòb nan men w. This is the Haitian Creole version of FCS8783, Proper Hand Washing for School Children. Written by Amy Simonne, translated and reviewed by Emmanuel Jean Claude Duvalsaint and Nicole Monval, and published by the UF/IFAS Department of Family, Youth and Community Sciences, March 2020.
https://edis.ifas.ufl.edu/fy1491